Resèt pou cheve boukle

Siw pratike tout bagay sa yo epi ou mele yo ak mask pou cheve boukle sa ka resime an idratasyon,briy,yap fè cheve a vin bèl anpil.

Mask nan kay yo,bay yon bon opsyon pou mete fen ak cheve boukle,se pa tout moun ki renmen cheve boukle paske pafwa li mal pou kouche siw fè yon chou.
Myèl ak sitwon bon anpil pou konbat cheve boukle

2007-light-afro-e1344855987392

 

Sitwon ak myèl
Engredyan:
1 sitwon
2 kiyè myèl
Men pa pouw swiv yo
Koupe sitwon an nan mitan epi pire youn nan bout yo,mete ji sitwon an nan yon veso,apre mete myèl la,lèw fin byen fè melanj lan aplikel sou cheve pwòp ou.

sitwon an ap fè chevew ansante,briye elatriye,myèl la ap idratel yon jan natirèl,pasel nan tèt ou 2 jiska 3 fwa nan semèn nan epi wap jwen solisyon ak chevew ki pa janm vle kouche lèw fè chou a.

Zaboka ak lwil oliv
2 kiyè lwil oliv
1 ze
1 zaboka
fè yon mask fen avèl apre pasel nan cheve a kitel fè tan anvan w lave cheve a pouw ka jwenn yon bon rezilta

alternative-906138_960_720

 

Yogout natirèl ak myèl
220 ml de yogout
2 kiyè myèl

3788579317_28d8cb7b7c_z

melanje yo ansanm,apre pasel nan cheve a kitel fè tan anvan w lave cheve a pouw ka jwenn yon bon rezilta

ki enpòtans ki genyen lèw fè remèd nan kay?
Ou pa bezwen pwodwi chimik
li ekonomi
li kite cheve a,swa,idratan,nouri
Li enpòtan pouw aplike remèd la nan pwent cheve a,evite metel nan rasin nan paske sitwon an ka iritel
kitel fè 15 minit,apre lave cheve a ak anpil dlo tyèd ak chanpou ou konn abitye sèvi a.