kijan pouw chwazi Boukè pou maryaj?

Sa pa dwe yon lit pou ou paske li se youn nan bagay ki pral fèw briye anpil jou maryaj la,ou dwe panse sou boulè yo mwa anvan pouw pa fè tèt cho nan denye jou a.

1.Ak premye bagay pouw panse se ak koulè rad la,yon boukè pou yon rad long pa menm jan ak yon boukè pou yon rad kout menm jan se pa menm nan pou yon rad senp,si se yon rad konplike boukè a dwe senp.

2.Boukè a depan de moun kap marye a,siw mens anpil epi wo li tap pi bon yon gwo boukè,lòt moun ki kout ka pote yon boukè piti.

3.Yon boukè konfòtab,pa bliye se yon bagay kap nan men ou pandan tout maryaj la,ou dwe santiw byen ansanm avèl pa pran youn pou renmen ke nan kèk minit menm w ka fèw mal avèl,bat pouw pran youn ou santi wap alès avèl epi ki ale ak fòm ou,rad,ak wotè w.
flowers-1369838_960_720

4.Kalite flè,sa se yon bagay ki senp pa mande siw gen koulè flè preferew si non chache youn ki alamòd nan moman.

5.Nou pa ta kwè sa,boukè yo se kesyon de pèsonalite tou,paske yo reflete sou pèsonalite moun nan poutèt sa pa janm kite se dènye jou a pouw ap chache ki boukè wap pote se yon pwen enpòtan li ye.

wedding-flowers-2051724_960_720

Lè yon moun pral marye li dwe pran konsèy men e saw renmen an ki pou pase pase se jouw li ye,poutèt sa bat pouw regle mwens ti detay byen bonè.