Kijan ou ka renonse ak yon travay ki gen siksè?

Li pa fasil ditou pou renonse nan yon travay.Nou santi nap kite yon mozo nan nou nan travay la epi nap bay do avèk moun kite ban nou yon chans nan moman nou te pi bezwen an.pafwa menm sin konn santi nou byen nan yon travay men nou toujou ap chache pi bon opòtinite jiskaske nou jwen li,yon fwa li parèt nou dwe batay ak yon santiman jwa,tristès nan moman nou gen poun renonse a.

 

Sa nou pral diw la pral edew fè sa pi fasil,lè wap gen pouw renonse nan travay ou epi ti konset sa yo ap edew sòti nan gran pòt la.

 

Anvanw chache travay,fòw asirew ke li pi bon pase saw ladan,pa siyen nenpòt kontra si se pou sa ou mèt rete kotew ye a ni tou fòk se pa kraze wap kraze yon kontra ou te siyen pou 2 lane nan travay ou a,siw ale sanw pa fini ak kontra ou ka vin gen pwoblèm apre sa menm lajistis yo ka relew,lè tèt ou fin kle ak bagay sa yo,la ou ka chache yon lòt travay pa janm kite yon gwo antrepris pou wale nan yon ti piti paske yap peyew plis kòb,yo gendwa peyew mwens kòb nan gwo a men ou gen plis avantaj ladan,lòt la ka peyew yo ti kòb men ou pa gen yon grenn avantaj pitow plis chache avantaj ke lajan ou pa janm konnen kote wap rive ak avantaj sa yo.

 

 

Lè wap aktive cv ou,toujou sonje pouw mete kotew tap travay denye fwa,si yap mandew poukisa ou kite travay la ak anpil respè ou gendwa diw pa vle pale de sa ni bay referans pou yo pale ak moun ou ye yo,paske se ou menm ki pou bat pou fè yo pranw,lè yal rele kotew tap travay la sa pa vle di se pran yap pranw pou sa,mwens enfòmasyon ou bay depi yo mal konpran li yo ka panse ou se yon moun ki pa fè tan nan travay.

 

Yon fwa ke ou jwenn travay la,ou dwe pale ak chèf kotew ye a anvan nenpòt lòt moun,pa kite se moun ki al di sa pou ou,ekplikel pouki rezon wap kite travay la,konbyen tan ou genyen ladan?epi ou mande pou yo chanje yon bagay pou ou yo pa vle ou pa bezwen dil sak fèw byen ak sak pa fèw byen twòp detay pa fin bon,fè afèw byen pouw ka sòti nan gran pòt,lavi a toujou bay sipriz ou pa janm konnen ou ka wè ou retounen menm kote a ankò.

 

Prepare yon bon lèt demisyon epi remèt li bay moun ki reponsab yo,voye sou imèl moun ki konsène yo tou,nan rès jou wap fè nan travay la bat pouw pase yo byen san pwoblèm ak reponsabilite pou fin fè travay ou,di chèf ou a tout saw fè yo pa kite travay san fèt epi antrene moun kap pran plas ou a byen.

 

Jou a rive di tout moun orevwa epi di chak chèf ak konpayon yo mèsi pou pasyans ak tan yo te ofri w pandan ou te la.