Fè mask lwil kokoye ak bikabonak pou figi w 3 fwa nan semèn nan

Pa neglije fe pwop fasyal ou,si tout saw eseye figiw toujou gen tach,ebyen jan nou diw la jou a rive jodia pou w fe pwodwi natirel ou.

Lwil kokoye pou po
Lwil sa kont mikwob,li gen kapasite idratan ki bon pou netwaye figi w,le l fin elimine bakteri ki bay tach,li netwaye po a li fel swa,anplis li kont enflamasyon ki ka soulaje sentòm ekzema ak lot enfenksyon sou po a.

Bikabonak pou po
Nou konnen bikabonak se yon bagay yo itilize nan manje,men se yon bon ekfolyan pou figi tou,le w fin pasel wap santi po a swa,li soulaje po ki boule nan soley

coconut-oiljpg-e5bbd914935a18f7

Engredyan
1/2 tas lwil kokoye
1/2 tas bikabonak
Preparasyon
Si lwil la yon ti jan cho epi likid lap pi fasil pou itilize,byen fe melanj lan anvan w pase l nan figi a,pase l nan figi a menm jan w konn pase lot eksfolyan yo.P neglije fe l wap we diferans lan.

Nou panse w gen engredyan sa yo lakay ou,men ou gendwa pa konnen kijan sa enpotan pou figi a

baking-soda