Resèt savon ekolojik ou ka fè lakay ou

Endistriyalizasyon nan tout bagay nap konsome fè nou rete lwen pwosesis pwodiksyon nan kay,sa gen kèk dezavantaj.Premye bagay la seke nou pa konnen vre jan yo fè sa nap itilize chak jou yo,dezyèm nan nou pa konnen ak ki engredyan epi ki kote yo sòti.Lè n plis tou de egal yon twazyèm kize nou pa gen okenn lide sou konsekans anviwònman an ak konsekans sante nan itilize pwodwi nap achte chak jou yo.

Fè pwòp savon w ka yon bagay fasil,anplis sanvon ekolojik yo se pwodwi natirèl yo pa gen petwòl ki se yon kontaminan,aprann fè pwòp afèw ou pap regrèt.

Pou baz nenpòt savon nap bezwen gliserin,dekoloran natirèl ak divès kalite lwil esansyèl
Sa wap bezwen fè?
Fonn gliserin nan yon ti veso aliminyòm kew itilize sèlman pou fè savon ak yon ti dife byen ba,bwase l byen,depil fin fonn retirel sou dife a,ajoute koloran w chwazi a.Apre sa,ajoute kèk gout lwil esansyèl ki pral pwopriyete inik savon an,ou ka ajoute yon ti lwil oliv tou,lè melanj lan fini mete l nan yon veso pou l ka gen fòm,apre sa kite l frèt ak di,ou ka mete l nan frijidè poul ka frèt pi rapid,lèl fin frèt retire l ak anpil atansyon nan veso a.

soap-2565646_960_720

Savon enèji
Ak kèk gout lwil esansyèl zoranj,li santi bon epi zoranj lan ap fè w kontan nan maten,mete kèk po zoranj ladan tou
Savon dezenfektan
Li efikas anpil pou po,itilize lwil ki fèt ak plant te,Dekore ak dekoloran vèt oswa ble.Ou ka itilize l tou pou lave blesi,boule,li ede amelyore pou gra.

Savon pou sezon fredi
Yon bon melanj lwil pòm,jenjanm,kanèl ak dekoloran kafe menm kote a sant lan ap voye w nan sezon fèt.Men,si w vle pran souf ak maladi respiratwa,melanje lwil jenjanm,tin ak sitwon.Sant lwil sa yo pral fèw santiw pi byen.

soap-2726400_960_720