Apwofondi relasyon w

Parès se bagay pouw evite siw bezwen relasyon ou an avanse,li pa janm bon pouw chita ap gade paske se konsa li te toujou ye,leve kanpe pa”chita ap dòmi”paske pa gen anyen nouvo pouw fè oubyen rakonte.
Anvan tou fòw chita pouw tande lòt la,pafwa nou distrè nan lòt bagay nou pa tande sa mari nou ap di,sèlman yon pawòl ka fè nou santi yon koneksyon entèn epi bati yon relasyon pwofon.

Si nou pa respekte oubyen koupe moun nan chak tan lap di yon bagay,pap janm gen yon bon kominikasyon
Toujou bay moun nan yon chans poul montre sal ye,ou menm tou pouw montre saw ye jis viv natirèl nou pap janm ka yon lòt moun.
Konsèy poun swiv
Al nan jim,kouri,li vle di dekonekte ak tout bagay,rilaks,libere lespriw,travay misk yo sa fè enpak dirèkteman nan

Motivasyon:Fè espò mande anpil volonte ak fòs,lèw gen mariw bò kotew ou ka tounen yon atis,lè gen yon abitid youn ap toujou konte sou lòt.

Objektif Komen:Ou gen dwa fè 30 minit ap fè espò,men pi devan nou tou de pral antre nan menm aktivite a,sa ap fasilite n travay plis,sa ka rive pi devan nan yon jou nou fè 2 èdtan espò.

 

Simonte advèsite:Sa ka rive yon jou,ou pa sou sanw,ou pa anvi al kouri ni fè espò paskew te pase yon move jounen.Fòw konnen se yon bagay kap pase nan relasyon chak jou,pafwa wap bezwen yon moun ki pou edew,konsa tou sa ka rive se moun nan ki bezwenw poul ka repran fòs,se yon bèl bagay pou relasyon an ka ekilibre.

Profite tan lib nou:Lè nap simonte moman advèsite bat poun nal rilask ansanm kote ki pa gen moun poun ka anpè konsa nap vin repran fòs ak souf.

Pa janm bliye moun ki pi enpòtan nan relasyon an se ou menm,sa ap fèw santiw lib ak konfòtab,lòt la ap vini poul konplete jwa w.

Youn pa dwe chanje pou lòt,abitye konn yon moun ak valè epi defòl,poutèt sa wap bezwen konnen ak ki defòl ou kap viv.
Pa kite anyen pou”lanmou”nou chak gen pwòp valè nou,prensip,ak kwayans,ki ka rive chanje ak pwòp konviksyon nou,men se pa ak sa moun ap di.

Relasyon mande anpil chita pale:Nenpòt bagay ki bezwen eklesi,si pa gen kominikasyon nou pa kwè ap gen anyen kap eklesi paske pa gen moun ki konn sa kap pase nan ke lòt,se yon bon bagay pou chak moun bay lide yo men sa pa vle di se paw la ki pou pase.

pair-303053_960_720

 

Pa gen prens ni fi ki pafè:Gen gason ak fanm ki gen fòs ki pou amelyore bagay yo,menm jan avew.Nan yon relasyon se chache travay pou amelyore fason nap viv la.

 

Nou tout gen yon pase ki paka chanje,koup la fèt pou viv presan an ak sa lap konstwi fitil.