3 kle pou aktive anvi nan relasyon koup la

Gen plizyè pwoblèm lè 2 moun gen pou afwonte yon relasyon youn se jwenn dezi li te genyen premye fwa sa fè lontan li genlè disparèt.Anpil koup ap plenyen ke yo pa jwenn menm bagay la ankò,eske yo sispan renmen?tout plenyen sa yo debouche sou yon sèl bagay woutin chak jou,responsablite timoun yo ki konvèti tankou eskis pou pa gen efò ki fèt pou reviv dezi sa yo.Sa yo se etap pou pran reviv dezi ki te pèdi.

1. Konnen tèt ou pi byen
Anpil moun toujou panse yo konn tèt yo,lèw pral wèw pat janm konn tèt ou se lè w nan yon bon relasyon ou paka rekipere dezi
Kisa ki eksite m?kiyès nan relasyon seksyèl mte fè anvan yo kite make m?mwen vle fè yon bagay nouvo,men mwen wont?
Tout kesyon sa yo se responsabilite ak senserite,sin pa konn sa nou renmen nou pap ka rekipere anvi paske nou pa menm konn kote poun kòmanse ni kap ekplike patnè n sak ka eksite n.Se poutèt sa li enpòtan pou n pran yon tan poun reflechi,kite pè sou kote,vye kwayans ak lòt panse kap detwi relasyon an ki anpeche nou jwi relasyon seksyèl avèk patnè nou.

 

2. Kominike avèk patnè w
Si n pase premye pwen an kounye a se lè poun pale san limit ak pè,gen moun ki pè montre mari yo kò a,dil san renmen,kote nou anvi l touche,nan yon relasyon konfyans lan dwe bati sou tout pwen sitou sou teren sèks,nou pa dwe tann lòt la ki pou li memwa nou sa pap janm fèt.Li lè poun sispann bay devinèt pale klè.
Ki sa nou renmen oswa vle eseye? Ki sa nou pa renmen epi nou vle chanje?

3. Tan pou fè aksyon
Tout sa nou sòt diw la bon pou rekipere dezi w,men yo pap itil anyen si nou pa fè aksyon,sak pral aktive relasyon gen plis plezi toujou nan chache nouvo bagay poun fè.Anpil relasyon soufri rediksyon oswa menm absans nan apeti seksyèl.Jodia nou dwe chanje sa se lè poun rekipere dezi nan koup la