Diferan fason ou ka manje avwàn

Pa gen dout nan sa avwàn se youn nan pi bon sous kabòn,ki pa gen anpil grès,yon nivo wo nan pwoteyin,li gen fib ki pou amelyore pwosesis dijestif ak kontwole apeti,li pa gen anpil sik.Se konsa,li ede kontwole nivo sik nan san.
Anplis li bon pou lasante,nou ka preparel diferan fason

Pa egzanp kwit
Ou ka melanjel ak kanèl,fwi sèk,elatriye.Li fasil pou kwit nan yon chodye mete 1/3 tas avwàn ak yon kiyè poud kanel,1 tas lèt zanmann,esans,kwit li ak dife ba jiskaske li byen mou,epi li prepare pou bwè.
Nou ka eseye li tankou krèp
Ou pa imajine wap manje krèp sale ki fèt ak avwàn Mmmmmmmm yo gou epi nourisan.Li fasil pou prepare resèt sa,sèlman wap gen pou blendè 5 Klè ze,1/4 tas avwàn oubyen farin lan,1/3 tas lèt zanmann oubyen 1/4 tas dlo,kannèl,esans,fè yon melanj ak tout engredyan sa yo,apre mete nan yon chodye ti lwil kokoye oubyen “Spray”poul pa kole nan chodye a

Saw panse siw fèl tankou ti bonbon pou goute
Yon ti bonbon avwàn ka pi bon chwa yon te ka fè nan maten oubyen apremidi,sèlman wap bezwen 1 tas bè zanmann,1/2 tas lèt zanmann,1/2 tas Whey protein ki gen gou vaniy,1/2 tas avwàn ak sik zewo kalori.
Mete bè a,sik la,ak lèt la nan yon chodye kwit yo ak dife ba,bwazel byen jiskaske lèt ak bè a melanje,apre mete pwoteyin nan,epi melanje avwàn nan ak yo,lèl bon desann li kitel frèt,apre mete nan ti pa poul ka pran fòm ou vle a kitel konjele.

IMG_0774

Ou fè avwàn anba fou deja?
Avwàn anba fou se yon resèt fasil,timoun kou granmou ka manjel,nap bezwen 1 oubywen 1/3 tas avwàn,1 kiyè poud kanèl,1 tas lèt avwàn,1 kiyè manba natirèl,1/3 tas”Gerber”gou pòm,2 kiyè yogout,1 kle ze,1 bannann ak 1/3 tas nwa rache.

Melanje engredyan dlo ak sak pa gen dlo yo apa,apre sa melanje tout ansanm,byen fè melanj lan apre mete anba fou pou 25,30 minit.

bakery-1122185_960_720

Fè rejim pa ta sipoze raz!