Kijan pouw abiye san w pa mete soutyen?

Youn nan okasyon nou sòti san soutyen se lè nou pral nan fèt paske pifò moun renmen mete rad dekòlte,gen anpil rad ki pi bèl tou san soutyen,men se pa tout kote pouw ale ak rad sa.

Li toujou pi fasil pou yon fi ki pa gen gwo tèt abiye san soutyen gen yon lòt ki gen gwo tete paske si tèt a paka kanpe pou kò l lap vin parèt lèd anpil,tete a ap parèt tonbe.
Sak enpòtan se pouw santi w asirew epi komòd lè w rive pouw mete yon rad san soutyen,san soutyen wap pi ekpoze se sak fè siw pap santiw byen pa toujou bat pou chache tout kalite soutyen ki prale ak rad ou genyen,konsa wap toujou gen soutyen pou nenpòt okastyon.

Chache twal ki ka mete san soutyen,se pa tout twal ki ka mete san soutyen,egzanp rad ki fèt pou espò yo,nenpòt moun ka mete yo san soutyen paske twal la kenbe kò a.
Pou w wè si yon rad fèw byen san soutyen,gade nan glas anvanw deplase,si tèt a twò gwo pa mete rad san tèt paske lap parèt tonbe ki pap fè bèl menm,pafwa gen moun ki di yo pa bay moun regle anyen pou yo,men pa bliye gen plizyè je sou ou.

cool-fashion-girl-hipster-Favim.com-2611602

Pou mete rad kwaze nan do san soutyen fòk li se rad koulè nwa,blen elatriye evite mete blan ak krèm san soutyen paske tèt a ap twò parèt,epi nan tan sa gen soutyen transparan pou moun ki vle mèt yon rad san soutyen men tete yo pa pemèt yo,

Jakèt:Sa pral depan modèl rad la oubyen kote ou prale,jakèt se kle pou w mete lèw gen yon rad san soutyen sou ki pou edew.

Nou plis konsidere yon moun mete rad san soutyen pou okasyon espesyal,nou konn wè gen moun yo pral lekòl yo pwovite sitiyasyon an tèt yo piti epi yo mèt inifòm nan san soutyen.