Sereyal ou pa dwe manke nan rejim alimantè w

Sereyal ou pa dwe manke nan asyèt ou kap ede w pèdi bwa epi ki gen eleman nitritif,sak bon an seke yo varye

1. Avwàn
Li gen anpil valè enejetik,li merite yon plas prensipal nan rejim,li gen kabòn ki ede kontwole sik nan san an,li gen fib dyetetik ki kontwole kolestewòl ki pa bon,li bay anvi pou manje,se yon sous vitamin B konplèks nesesè pou bon fonksyon sistèm nève ak miskilè.Ede kenbe rit metabolis ak pwoteje selil yo.

2. Diri entegral
Gen 100% pwopriyete nitrisyonèl nan manje sa a.Li gen anpil vitamin B konplèsk ki amelyore fonksyon sistèm nève ak sèvo a.Manyezyòm, mineral esansyèl ki patisipe nan pwosesis byolojik kò a,fib li yo amelyore dijesyon,li bon pou sante kadyovaskilè.

3. Mayi
Mayi se yon manje tradisyonèl,sous enèji paske l gen kabòn,li gen anpil vitamin A,B ak E pou pwoteje sistem nève, iminitè ak kadyovaskilè.Li gen fib dyetetik ki nesesè pou bon fonksyon trip la.Antioksidan l yo ede pwoteje selil yo kont estrès,kontribye nan pwoteje kolajèn po a