Kisa nou kapab fè pou amelyore repo nou?

Gendwa se twazyèm nan nou ap bezwen poun fè ane sa,men pa gen tan pou anyen.Ou gen dwa pa okouran de enpòtans li,pandan lè dòmi yo(7 ak 8 èdtan)sa depan de chak moun,kò nou antre nan yon moman preparasyon ki nesesè pou bon fonksyon òganis lan.Tan sa enpòtan pou atlè yo,si yo manke dòmi oubyen repoze risk blesi nan foutbòl ap ogmante.

 

Lè atlèt yo manke repoze yo vin gen fatig akimile,nan moman yap antrene yap vin parèt fatige rapid,lè sa lap fasil pou yo blese,epi disminye konsantrasyon ak motivasyon.

Manke dòmi pa sèlman bay fen manke konsantre oubyen ogmante fatig.Sik dòmi an afekte regilasyon òmòn yo,sa ka afekte pèfòmans foutbòl nou.

ki Kalite repo?
li rive nan faz pwofon dòmi an,kote li ede nou jenere plis òmòn kwasans.Youn nan efè manke dòmi ka fè se pwodwi maladi osteyopowoz ak lòt maladi kadyovaskilè nan yon tan,pou yon atlèt nan yon titan

bed-945881_960_720

Men kèk ti jès nou ka fè pou amelyore repo nou:
1.Abitye ak yon lè pouw dòmi,fè efò pouw kouche nan yon lè byen bone
2.Asire w dòmi ase,kèk fwa li ka yon jan difisil,men toujou fè efò a
3.Pa mete televisyon nan chanm ou,lap enpoze w dòmi
4.Pa antre ak manje nan chanm nan
5.Chanm nan dwe lib,jis antre dòmi
6.Chanje dra,rido,sak zòrye chak 4 jou
7.Etenn aparèy elektwonik yo omwen 30 minit anvan ou ale nan kabann,pouw ka gen yon bon repo
8.Soupe bonè,pa manje an abondans paske manje se youn nan bagay ki ka fè yon moun pa gen yon bon repo,sa pral depan ki kantite ak kalite w manje,ak kilè