Taktik pou dòmi ak yon gason ki wonfle

Eske mwatye w la gen nen l kap fè fanfa chak swa,ou ka mande l poul pa fè sa men podyab se pa fòt li,bagay sa konn menm fè kont,eseye lòt opsyon si sa pa mache.

1.Ou rèt lwen nen l,men ou pre kè l
Pa gen dout nan sa,ou ta renmen dòmi nan bwa mariw chak swa,men gen yon anpechman,nan mitan nwit lan chak moun chwazi fè vi yo,si kabann lan la lontan,eseye chanje l pouw ,achte yon pi bon.

2.Achte yon vantilatè
Ke pouw panse toufe mesye a nan nwit tèlman w fache,li tap pi bon siw achte yon vantilatè,konsa ou patap tande bri a,konsa wa tande lòt bri,nou panse wap ka plis jere vantilatè la gen bri mari w ap fè a.

 

3.Achte yon pens nen pou li
Se yon pens li ka mete sou nen l epi dòmi byen trankil

4.Souke l
Sa depan de pasyans chak moun,chak tan li sotew nan dòmi soukel,li pap wonfle ankò menm si sa se pou kèk minit lap dire

5.Al lopital ak li
Pafwa moun nan konn ap wonfle,li pa yon bagay natirèl se jis li gen yon pwoblèm,konsa li ka chè nan nen oubyen yon lòt kote nan nivo kou a,ki kòz li paka dòmi byen,anpil atansyon gen yon nivo wonf ou tande fòk ou kouri di moun sa an al lopital.

6.Gade si kabann nan pa panche
Sa gen dwa yon faktè ki kòz lap wonfle a,si kabann nan panche yon bò