konsèy pou mete talon,pinga’w mouri nan eseye

Nou ki toujou ap panse pou ou,pa ta renmen w soufri twòp lèw mete talon,nou pote ti konsèy sa yo pou ou,konsa wa swiv yo nan moman wap gen pouw mete yon soulye talon.

1.Plis pwoteksyon
Chache soulye ki laj nan pati siperyè,wap santiw pi alèz,bòt yo pi fasil pou itilize nan sans sa ou ka kòmanse eseye ak yon bòt talon.

2.Repoze nenpòt lèw kapab
Li bon pouw toujou pran yon souf ak talon an,retire pye w kite l pran yon ti van

3.Konn pye w
Fok ou konnen ki pyew genyen,sil pla,wòk elatriye,konsa wap chwazi sandal sou fòm pyew,lap pi fasil pou w mete yon talon ki ale ak pye w.

4.Gwose nòmal
Espè yo di ke yon bon pati nan pwoblèm nan se paske moun pa itilize soulye ak gwosè kòrèk la,nou gen dwa pa rann kont sou sa,pye yo gwosi diferan rezon,poutèt sa li enpòtan poun pran mezi pye yon fwa nan ane a.

5.Lè talon an pi laj,li pi bon
Siw se yon moun ki fenk kòmanse ap itilize talon,li tap bon pouw kòmanse ak sandal platfòm pouw ka asire pa w yo
Pa achte sandal pou bèl,ni pou renmen,achte sou fòm pye w pouw ka alez lè wap mache konsa ou pap pedi chelbè w sou yon talon,pa bliye mache ak yon sandal pla nan valiz ou pouw ka repoze pye yo lèw kapab.