Bwason pou aktive metabolis ou

An reyalite,metabolis enfliyanse nan chak fonksyon nan kò a,tankou respirasyon,dijesyon,sikilasyon san,tanperati kò,eliminasyon toksin nan pipi ak poupou.

Pou n dil nan yon mo,metabolis se kle esansyèl nan fonksyon enpòtan kò a.Pou ajite metabolis la li enpòtan pou yon rejim alimantè ki an sante ak aktivite fizik chak jou.

Pami manje ki esansyèl pou aktive pwosesis metabolik la,nou pataje 8 bwason natirèl ak ou
Te mant
Mant lan mande okside grès,evite enflamasyon epi aktive metabolis lan,wap bezwen 7 tas te vèt yon ponyen fèy mant,2 sitwon koupe
Enstriksyon:Fè melanj lan epi mete yo nan frijidè bwè yon vè chak jou.
Ji frèz
Ak ji sa wap ogmante absòpsyon pwoteyin nan kò a,pouaktive metabolis la wap bezwen 1/2 lit lèt light,1 tas frèz, 1/2 tas avwàn,1 tas yogout light natirèl,mete tout engrdyan yo nan yon blende yon fwa li fini ou ka bwè l.
Ji fri
Yon fri yo jije bon pou sa se chadèk,li ede metabolize grès nan kò a,wap bezwen ji 2 chadèk,2 bout anana,1/2 tas dlo apre blende tout ansan epi bwe l.

Ji pom
Li ede dezentoksike ak netwaye òganis lan,se yon lòt ed pou boule gres ak ranfòse misk yo,wap bezwen:1 tas yogout light natirèl,1 pòm koupe an moso,1 gwo kiyè siwo myèl pi,1/2 tas zanmann,kannèl,1/2 lit lèt light,blende tout ansanm.

Chokola
Se yon pon ponch pwoteyin naitrèl ki akselere metabolis lan,yo rekòmande pou bwè l 1 edtan anvan w fè egzèsis,wap bezwen 1/2 lèt light,1/2 tas avwàn,1/2 ti kiyè kafe,siwo myèl.Blende tout ansanm.

Dlo kokoye
Li ede nan pèt memwa,vant fèmal,maladi nan blad pipi,trip ak po elatriye
Kafe nwa

se yon antioksidan kap edew gen yon bel po epi ansante