Fason yo itilize rad long lach

Mete yon rad long lach ak tenis se yon bagay jiska presan se pa tout moun kap fèl paske yo plis wè yo ak yon pantalon abako si yap mete tenis nan pye yo.Men jounen jodia pa gen anyen ki respekte vre,nou wè bagay yo ap chanje sitou lakay ti jèn yo,ak tenis yo vle mete nenpòt sak vini an.Se pa pi bon konbinasyon nan mond lan jis li sèvi tankou yon”Look”aksidantèl.

 

Siw pa abitye itilize soulye talon,ou ka tonbe nenpòt moman men ak yon tenis sa pap janm pase,sa pa vle di pouw mete tout rad long ou genyen ak tenis men gen rad ou pa oblije mete yon soulye talon avèl,sa ap depan kotew prale a gen lòt bagay ou ka mete nan pyew.

 

Siw mete yon rad ki long anpil,li pa enpòtan pou moun wè sak nan pyew piske li pap parèt anba rad la,nan zye moun kap gade a wap parèt piwo,ou pa bezwen mete yon sandal wo ankò ak rad long lan.

 

Si wap sòti pa aksidan,pa gen lòt jan ou ka konbine rad ou,ke ak yon ti djakèt paske li gen dwa fè fre oubyen rad la san manch epi lap fè fòm ou pi parèt tou,lap fèw wèw pi jèn toujou,si rad la koupe nan senti pa metel ak sentiwon,siw se yon moun ki renmen itilize sentiwon chache yon rad ki fèt pou mete ak sentiwon.

 

Mete yo ak soulye talon,siw se yon fi ki kout,ou renmen rad long pa gen lòt chwa ke pouw mete yon soulye talon kap fèw parèt pi wo,siw pa metel ak talon se pi kout wap parèt,si wap mete yon rad ki fann li tap pi bon siw metel ak sandal ke soulye pou pyew pa koupe.

 

Ou ka mete yo al nan plaj,rad sa yo gendwa se pi bèl abiman ou te ka fè pou sezon chalè a,kit ou pral bò larivyè oubyen lanmè.