Enpòtans pou demakiye

Lave figi ak yon savon ki bon pou tout kalite po,sa ap ede w retire kèk pati nan makiyaj la,si pow pa tolore dlo sèvi ak losyon netwayaj ki pa bezwen rense.Nan ka je yo se ak yon pwodwi espesyal pou retire fò plim yo.Yon fwa po a pwòp kounyea itilize krèm aswè,li enpòtan pou nou achte sak bon yo.Nan jèn moun ki poko depase 30 lane,itilize yon seròm,jèl kap ede w kenbe po a bèl epi

klere.
Kilè ak kijan pou retire makiyaj?
Pa gen lè pou fè sa paske li ka varye ak aktivite w,saw dwe respekte se fèl anvan w kouche,pandan wap dòmi kò a ap elimine toksin yon jan natirèl nan pò yo si yo bouche ak makiyaj sa pap ka fèt.Konsekans lè n pa fè sa anvan domi po a ap vin irite,san vi, ak bouton nwa.Anplis nan nwit pou a rejenere 3 fwa ke lajounen.
Gen moun ki itilize krèm,jèl,twal,dlo e ou menm kisa w itilize pouw retire makiyaj?

 

Erè pou evite
Lave figi a 2,3 fwa bon pou kenbe l pwòp,plis ke 3 fwa nan jounen an pa bon po a ka irite,siw pa itilize makiyaj li tap bon pouw itilize krèm solèy.

Fwote figi a twòp mete elastisite yo an danje.Ou menm tou ou pa itilize premye sèvyèt ou jwenn nan pou siye figi w,bakteri ka pwopaje,figiw pa menm jan ak rès kò a pote yon ti ijèn anplis,anvan tout bagay asirew saw pral sèvi a pwòp.