Konsèy pou benyen chen ki pè dlo

Premye sa pouw fè se twalèt chen an,poul ka abitye ak dlo a se pa kouri benyenl,pouw ka evitel pè dlo a
kotew ap benyen l lan dwe yon kote li ka jwe.Siw se yon moun kap viv an pwovens ou ta dwe benyen chen an 1 fwa nan mwa,men si wap viv kapital se chak 2 semèn pouw ka kenbel lwen salte.

Kounyea pwoblèm nan,se kijan pouw benyen yon chen ki pè dlo?
Mete yon ti kapèt plastik nan basen wap benyen l lan,sa ap evite chen an tonbe epi lap santil pi asire ak 4 ti pat li yo
Fè sa ak anpil prekosyon paske sekirite chen an enpòtan anpil sitou si se yon chen ki pè dlo,nan nenpòt ka evite koke objè ki ka tonbe kote wap benyenl lan poul pa sote,itilize chanpou ki bon pou chen paske li pa menm jan ak pa moun.
sa wap bezwen pou fè?

 

 

Dlo a pa dwe frèt,benyen ak dlo tyèd epi itilize yon gode pouw ka vide dlo a sou li pa ti kras,premye pwodwi pouw pase sou li se bèl ti pawòl,pase men sou li,fèl santi ou la pou li se meyè fason ou ka benyen yon chen ki pè dlo epi lap santil byen tou.

 

Pale,karese chen an ap diminye nivo pè li genyen pou dlo a epi se yon moman pouw konnenl plis toujou,vwa w pa dwe sòti nève ni fache si se sa lap difisil pou chen sa rèt benyen,si se nan douch wap benyen pigaw femen pòt douch la ni femen tout rido yo,mete yon ti jwèt devan anpil wap pwòpte lap jwi moman tou,lap santi mwens pè

 

Li rekòmande poun kòmanse jwe ak chen an depi anvan nou antre nan douch la avèl,sa yo ka edel bliye sak rele pè dlo a tout bagay se teknik poun itilize kap vin yon abitid pou chen.
Chak kilè ou benyen chen lakay ou a?