Benefis dlo lanmè

Nan kèk prensipal dlo lanmè a nou jwenn li gen yon efè antibyotik, ki ede nan gerizon blesi, netwaye tou nen nan ka sinizit.Lè nal nan lanmè pwofite pran benefis li yo.

Kek benefis dlo lanmè
Li detann misk yo
Li pemèt misk yo detann,lè nap naje oubyen flote nan dlo a,ede repare misk kite gen blesi

Anpeche enfeksyon nan blesi
Se yon Antiseptik natirèl,ede absòbe dlo nan blesi,anpeche enfeksyon
Ede nan pwoblèm respiratwa

Amelyore ak soulaje sentòm nan pwoblèm respiratwa, fasilite eliminasyon toksin,rim
Ede nan doulè jwenti
Soulaje doulè nan jwenti, pwoblèm rimatism.Se poutèt sa dlo sale o toujou konseye yon beny lanmè pou lache kò a
Li ede dezentoksike, netwaye òganis lan pa andedan

Gen kèk etid ki dekouvri dlo lanmè a pa sèlman itil pou deyò òganis lan, men tou, entèn, li ofri plizyè benefis tankou:
Se yon tretman pou goumen kont malnitrisyon
Ede kenbe ak amelyore sante nan ògàn yo, anpeche devlopman divès kalite maladi

Eleman nitritif
Nan nivo nitrisyonel li nou jwenn eleman nitritif tankou:kabon,grès,pwoteyin,oksijèn, manganèz, kalsyòm,idwojèn,mayezyòm,fè, fosfò, fliyò, kwiv, yòd, elatriye pou bon fonksyonman kò a,se poutèt sa li konsidere yon dlo nitritif.

Se yon dlo òganik,ki nan lanati,kote nou ka pwofite pwopriyete li yo.
Amelyore respirasyon
Li debouche nen,li ranfòse sistèm iminite,rale ak fasilite pou jete rim yo yon jan natirel.Gras ak pwopriyete li yo, li amelyore fonksyon oditif la.

Benefis dlo lanmè pou sinizit
Depi nan antikite dlo lanmè te toujou itilize tankou yon tretman natirèl, nan ka alèji ak sinizit.
Ede elimine bakteri

Debouche
Rejenere selil
Diminye iritasyon tisi
Evite enflamasyon
Li se yon kalman natirèl ki anpeche devlopman rim

Fonksyone kont alèji
Idrate,anpeche akimilasyon larim
Li se youn nan tretman natirèl ki pi efikas,itil pou konbat ak diminye sentòm.