Erè gason fè nan moman sèks

Nou pral pale tout verite,medam yo renmen fè sèks menm si yo yon ti jan timid,men gason depil jwenn li pran,anpil gason konsidere yo se wa nan kabann,men se medam yo ki pou bay denyè mo a.Jounen jodia nou pale sou sèks ak patnè n,zanmi nou san konplikasyon pi souvan gason konn di jan yo byen fèl ak madanm yo san ke fi a pa satisfè li menm,li difisi poul di mari l li pa satisfè pou nèg la pa santil mal.Kominikasyon jwe yon wèl enpòtan nan moman revele gou,imajinasyon ak dezi pou sèks.

Erè ki pi komen yo se
Karese byen oubyen kite sa
klitoris la pi konplike pase peni a,gason an dwe konn kijan pou l pase menm l nan zòn sa poul pa bloke plezi a depi nan komansman,gen fi ki konn menm rive blese.

Apran jwe ak tete fi a
Gen anpil gason ki renmen jwe ak tete nou paske se la anpil fi sansib,konsa tou genyen ki touche yo mal kòmsi sete yon boul,yon lòt fwa ankò yo bloke sa fi a ta pral santi a,se vre pasyon fè n fou,men tanpri,al dousman.

Intimacy under the covers

Kantite pa enpòtan
Yo toujou panse se kantite ki pi enpòtan,pafwa fi a ap soufri nan zafè kantite,poutan se kalite ki konte,sa gendwa pa menm 5 minit epi fi a satisfè sa pral depan kijan bagay la te kòmanse.
San bri pi gou

Nan yon moman konsa pa menm gen yon ti “mwen renmen w cheri”oubyen nenpòt lòt ti pawòl dous,mesye yo kite yo ale ak pasyon.Evite di koze”ou renmen?map fè l byen?ou santim?elatriye”bagay sa yo ap dekouraje moun nan se toujou menm bagay la,sispann bay tèt ou pwoblèm nan mande sil renmen w ,sil pat renmen w li pa tap la,apre sa moun nan pral kalifye sak sòt fèt la pou kò l.

Yo pa souse zorèy fi a
Menm si pafwa zorèy la ka sal,men se pwen sansib kèk fi,gen ti detay fòk nou pa pase sou yo li te mèt yon ti karès lejè ak lang,se ou ki pou bay moun ou plezi.

Pa souse gwo zòtèy fi a
Gen moun ki fè l,konsa nap jwenn gen moun ki pa vle tande pale de bagay sa sitou yap di jan pye sal,men pa bliye tout moun pa menm,epi si madanm ou ta manke pran swen pyel ou sipoze dil sa pou lè nap fè lanmou si vini pou souse pou sa fèt san pè.