Lanmou,teknoloji ak entènèt

Nou tout bezwen mache nan vi a ak yon moun ki renmen n jann ye a,kote n pase yo nou rankontre ak moun ki bezwen lanmou,nan inivèsite,lekòl,travay,salon,elatriye,tout kote gen moun kap chache lanmou pou yo viv.
Sak verite a seke nou tout kap chache lanmou an,men ki kote poun kòmanse?

Gen moun ki kòmanse chache nan tout kwen tankou:entenèt,nan fèt,nan travay eltriye jiskaske yo rive akonpli ak rèv yo apre anpil tan rechèch,moun te toujou ap chache lontan,menm sil te yon jan difisil paske sete voye lèt,moun yo pat janm rankontre fasil,kounyea teknoloji avanse anpil,moun yo ka wè sou entenèt la anvan menm yo deplase,konsa tou gen anpil danje nan sa,li tap pi bon siw jwenn yon paj ou peye pou fè rankont paske se moun nou ka di ki yon jan pi serye,ke yon moun ou jwenn konsa konsa sou entènèt.

 

Rèv pou jwenn yon moun espesyal
Gen anpil moun ki pè,sitou nan tan sa se yon ekip divòs,fanmi ap kraze,moun paka viv ansanm.Men gen moun ki toujou rete kwè lanmou pifò ke tout bagay sa yo,epi moun pa yo a la,se jis yo poko rankontre l,menm si gen anpil mi kap leve nan mita fi ak gason ke se sòti nèg la bezwen sòti ak fi a poul krake l,fi se avantaj yap chache sèlman,anpil vyolans ap fèt sou fanm ak tout bagay sa yo gen yon mond nanm kap soupire,kowenside,pou mache men nan men ak yon lòt.

Lanmou depase pè,konfli,menm si gen ti kontrayete pafwa,lanmou toujou rete motive pou moun ki apresye l,pa gen moun ki ka viv san li
E ou menm?ou itilize teknoloji pou apwoche lòt moun ki nan lòt bout mond lan? ou chache lanmou sou entènèt deja?

Pa gen anyen tankou rankont fas a fas,nou konn sa.Lang vèbal ak nonvèrbal ede dekwoche anpil mistè nan lòt,sansasyon,po,chimi ki pwodwi lè youn ap gad lòt.Men chat,Imèl,mesaj tèks,apèl telefòn,sa yo pa gen menm maji ak rankont pèsonèl,se zouti ki fasilite youn konn lòt anpil.

Anpil moun pran entènèt pou yon kote ki gen anpil manti ak ekplwatè,men an pale verite ni rankont pesonèl yo tou wi,moun nan ka vin prezante lakay ou la poutan se yon blofè ak tout sa li fè fas ak mezi fanmi w pou pwouve jan l renmen w,se pa sèl fi sa rive,gen fi ki blofè tou.
Nou remake pwoblèm sa yo pa pwòp ak moun,men li depan pèsonalite chak moun ak nan ki pozisyon yo ye.gen anpil fi ak gason ki pwofite pou yo fè abi,moke,menm vòlè lòt moun yo di yo renmen an,men se pa tout moun ki fèl,gen lanmou toujou pasyans.