Remèd pou zye wouj

Jodia nou vle pataje avèw,ou men ki toujou ap plenyen pou zye wouj ou pa kon sa pouw fè,ou pa malad ladan men li toujou wouj kanmen gendwa gen yon bagay ki pa mache.

 

Fè yon ti dòmi:Youn nan bagay ki lakòz iritasyon zye a ki fèl vin wouj la se manke dòmi,si pou yon rezon ou paka domi nan nwit,fè yon jan pouw dòmi lajounen pouw ka rekipere saw pèdi nan nwit lan.

 

Evite rete pou anpil tan devan òdinatè:Fè twòp tan devan yo òdinatè oubyen televisyon pa bon,la se yon lòt kòz ankò ki afekte zye a,siw se yon moun ki travay devan òdinatè tout jounen bat pouw pran 1 èdtan pòz pou zyew ka repoze,epi lèw rive lakay ou evite itilizel 2 èdtan anvanw dòmi.

 

Dlo zye atifisyèl:Si zyew wouj se kòz sechrès,ou ka itilize dlo zye pouw ka mouye yo,lè konsa lap vin idrate

 

Evite makiyaj:Si zye w toujou wouj evite itilize makiyaj nan pati sa paske pwodwi chimik yo ka fè zye a vin pi mal ke janl ye a.

 

Lave men:Chak anvan ou touche zye w,fòw lave menw pou evite tout kalite baktri ak pousyè tè antre ladan

 

Fè atansyon ak lòt kalite sentòm:Zye a konn wouj epi lap fè mal,moun nan paka gade limyè,enflamsyon epi mal pou wè,lè konsa se doktè pouw kouri al wè gendwa se yon lòt bagay tankou konjonktivit.

 

Pa fwote zye yo:Lè zye nou wouj oubyen irite,yon erè nou souvan fè se grate zye yo poun ka santin soulaje,se yon vye abitid li ye paske se irite wap irite enflamasyon an plis.