5 benefis sikolojik nan danse

Ou poko janm eseye danse? kouman danse ka ede w?.Li 5 benefis sikolojik,nou rete kwè lap ede w leve pye w kanmenm sou ton mizik la.Dans se yon lang inivèsèl,kote 2 oubyen plizyè moun ka kominike ak sèl mouvman kò yo,mizik bay ritm ak dezi pou danse,se poutèt sa li bay opòtinite pou rekonèt lòt moun san w pa pale ak yo,san w pa bezwen itilize fraz.

Danse devlope kreyativite

Lè nou kite kò n ale ak mizik la,sa rann sèvo a travay lib,nou pa bezwen lang,jis nap eksprime ak kò a,kreyativite ap ede n avanse nan nouvo chemen ak solisyon,sèvo a chache wout altènatif epi demare kèk kòd.
Danse se yon fason pou konekte
Danse pèmèt nou konekte ak nou menm ankò,lè nap danse nou devlope sans kite la nou pat menm konnen,li ban opòtinite pou n konn lòt lang,ou pa konekte ak ou sèlman lè wap danse fè pati sosyal,dans ini moun tout laj,li pèmèt de moun ki pa menm peyi pale menm lang.

Danse amelyore atitid ak pwòp tèt yon moun
Lè wap danse lepriw libere epi li fèw bliye pwoblèm pouw ka konsantre sou pye w.Lè w ap danse sèvo a libere òmòn ki pèmèt lespriw degaje estrès epi rejenere jwa,gen ipotèz ki montre lè yon moun ap danse sa ka ede amelyore doulè nan kò,maltèt,doulè nan do ak kèk sentòm depresyon.Dans pèmèt nou ini kò,lespri ak nanm,amelyore koneksyon ak ranfòse otonòm.

Danse ralanti vyejès nan sèvo
Yon etid montre danse aktive sistèm nève santral ak nan sèvo a.Kòm kounyea ou konnen benefis sikolojik dans,se moman pouw kòmanse distrè w,leve pye w.