Diri ak lèt pou rejim

Si wap fè rejim sa pa vle di ou paka bwè diri ak lèt jis ou pap fèl ak nenpòt lèt
kisa wap bezwen?

Engredyan:

unnamed (3)

2 tas lèt zanmann
1/2 tas dlo
1/4 tas diri entegral
1 kiye kanèl ak esans vaniy
ou ka itilize sik rouj oubyen myèl
Preparasyon:
Mete tout nan yon chodye metel sou dife,desann dife a byen ba
kitel fè 30 minit ap bouyi,bwasel san rete siw wèl ap chèch sanl poko kwit mete yon ti lèt ankò
Yon fwa diri a kwit metel nan yon bòl jiskaskel frèt,lèl fin frèt mete 1/3 lèt zanman,byen bwazel apre mete yon ti kanèl ankò,ou ka manjel

arrozconlecheb

ou ka fèl pou manje maten oubyen soupe,ou ka mete pwoteyin ladan,konsa ou ka blendel pouw fèl likid,e ou ki konn janw renmenl.