Yon nouvo kontra pou renmen

Anpil koup kounyea se negosyasyon yap fè pou yo wè si ya rete ansanm nou pa bezwen pale w pou viv nan kay,lontan depiw marye byen an sete pou nou de,kounyea ou te mèt marye ou ka fè byen paw,lòt moun nan fè pal,preske pa gen bagay 50%.Gen peyi moun yo marye chak chwazi viv yon kote pou yo ka toujou kenbe woutim renmen an,nan tèt yo panse si yal leve dòmi ak moun nan menm kote lanmou an ap diminye.

Pou w siyen nouvo kontra sa fòk ou ka pale
Ekplike saw santi ak anpil atansyon
Anvi pouw kenbe relasyon an aktif
Diskite jwa
Pale sou tout bagay ki posib pou kenbe relasyon an

Pa kite sel mesye oubyen fi a kap chwazi
Yon bo kominikasyon youn lot
Defann dwa w

Pa chita nan kay,fok ou travay sèl mesye a paka ap travay
Goumen pou saw vle
Aprann mesye a fè manje,konsa lèw pa la li pap manje nan restoran
Fè yon lis sou tout saw ta renmen anvan w rive lwen ak moun nan
Sak tap baw pwoblèm nan tan lontan,ak nouvo kontra sa ou dwe jwenn solisyon
Saw pane sou nouvo kontra pouw renmen an?