Fraz pou renmen san atachman

Pou lanmou grandi li pa bezwen pèfeksyon,yon moun ki gen lanmou anik renmen,menm jan yon moun kap viv li jis wèl respire,manje,dòmi.

1.Si ou renmen yon flè,pa chwazi rachel nan mitan,paske lap mouri piske kè a rache,siw renmen l pa rachel nan mitan.Lanmou se pa yon posesyon,men li se apresyasyon.

2.Tout sak bon nan lanmou se fè eksperyans nan ti espas wap pase ak moun nan

3.Pa janm panse lanmou se yon bagay etenèl,e sa ap fè pi bèl toujou paske wap konnen jodi a nou ansanm demen nou ka kite.

4.Lanmou pa ka aprann,li paka kiltive.Yon lanmou kiltive pa lanmou,li pap yon bon flè woz,li pral yon flè plastik.Lèw ap aprann yon bagay sa vle di li sòt deyò,se pa yon kwasans entèn.Pou lanmou an natif natal ak reyèl,dwe gen yon kwasans entèn.

happy-black-couple

5.Lèw pa gen lanmou,ou mande yo lòt moun pou baw,ou se yon pòv,ou lonje menw wap tan pou yo baw lanmou,moun ki fou ap chache lamou sa pa bon paske lanmou an andanw deja,ou jis bezwen yon moun pouw pataje moman ansanm avèl.

6.Moun souvan panse ke rayi se opoze renmen,se pa verite paske opoze renmen se pè.Renmen se yon bagay natirèl menm janw wap respire,lèw renmen yon moun pigaw eksijel paske depi nan kòmansman wap fèmen pòt la,pigaw rèt tann anyen si yon bagay vin sou wout ou di mèsi konsa tou si pa gen anyen ki vin sou wout ou pa santiw mal pou sa.

7.Lanmou se sèl relijyon,sèl Bondye,sèl mistè lòm gen an komen,lè yon moun konpran lanmou li konpran tout mistè ki gen nan moun lan,se pa yon bagay difisil,se tankou kèw kap bat,janw respire.Li vini nan ou,li pa sòti nan sosyete a
Swiv ti konsèy sa