Kiltive lanmou an ak tan,li posib

Lè yon moun fi li toujou ta renmen wè pou kèl toujou kontan.Jodi a sa enpòtan pou nou fèw konnen pouw pran zwen,nouri,kiltive lanmou chak jou se konsa ou pap regrèt anyen nan viw.

 

Toujou al dòmi ansanm:Lèn fè sa,vin gen plis benefis pou relasyon an grandi nan plizyè aspè,vin gen plis kominikasyon,kontak fizik ak dezi seksyèl.

Pase tan ansanm:Okipasyon yo anpil men fòn toujou fè yon ti espas pou nou de a yon kote,li te mèt se yon fwa nan semèn nan,kote ki pa gen bri pou nou ka pataje lide nou ansanm nan,evite telefòn pou nou ka konsantre youn sou lòt.

Pale anvan nou dòmi:Bliye bagay dòmi devan televisyon sa,lèl aswè se yon moman pouw pale ak mariw,pouw mandel kòman jounen li te ye,ou menm tou pouw rakontel saw te fè nan jounen an,retire estrès anvan nou dòmi,bay ti blag.

 

Bo:Pigaw janm bliye bo l anvanw dòmi paske sa ap fèw sonje anpil bagay lè nou konekte menm bagay la ap pasel tou

 

Plis akolad:Kontak fisik la enpòtan anpil nan yon koup,yon akolad se yon fason pouw santi pwoteksyon ak fòs,lèw jwenn yon akolad nan fèn jounen an se pi bèl bagay kite ka pase,siw pran sa kòm yon abitid ou pap janm bouke fèl epi se sou dwèt wap konte minit chak jou lèw pral rankontre ak mariw.

 

Kiltive bon kalite:Moun ki zanmi yo fèl se pa ou ak mariw ki pou pata fèl,kiyès ki pata renmen maril bon zanmil,mete anbyans,jwa,plezi nan relasyon an.

Koute avèk atansyon:Nan moman diskisyon pa chache sak pi feb la pouw ka gen rezon,sak enpòtan se pa genyen pouw genyen se chache resoud pwoblèm nan.

Toujou kenbe lafwa:Si yon koup gen lanmou nan mitan yo,youn pap janm chache tetwi lòt la se poutèt sa nou pa dwe nan joure chak tan lèn gen diskisyon.

Pale sou sèks:Ak ki moun ou ka pi alèz ke mariw pouw pale sou zafè sèks,se yon bagay nòmal ou pa dwe pè palel kòmanw te santiw,li menm tou pozel kesyon,liberew di tout saw vle fè avèl,pigaw wont pale,nou youn ap vin konn lòt pi byen kè nap vin pi kontan.

Toujou padone:Padon vle di bliye,pouse pou pi devan ak yon lepri lib,ak yon lide pou grandi pouw pa retire rad sal nan wout ki pap itil anyen.

Pwojè:Toujou fè pwojè nou yo ansanm,pa fè anyenn sanw pa dil sa,sa ka lakòz yon pwoblèm nan relasyon an,goumen poun reyalise tout bagay ansanm.

Yon espas sèl:pa janm bliye chak moun bezwen ti espas yo tou,fò nou respekte sa,pa fè jalouzi lèl pral kay fanmi oubyen zanmi fòk gen yon nivo konfyans solid.

Rezoud konfli yo san diskisyon:Pwoblèm ki konn gen nan yon koup rezoud pi vit lè gen anpil sajès paske tout otan wap pale plis vye pawòl ap vini,chache konn kòman pouw rezoud yon konfli san joure nan lapè.
Nou espere ke konsèy sa yo fèw gen yon vi anpè ak moun ou renmen an.