Kouman pou w pwoteje cheve w kont kontaminasyon?

Kontaminasyon se youn nan pi gwo pwoblèm jodi a pou moun ak bèt nan gwo vil yo,li afekte nou andan tankou deyò epi l kreye pwoblèm respiratwa,sou po,jenou ak pwoblèm kapilè.

Eske w konn kijan pouw pwoteje cheve w kont kontaminasyon?
Cheve a soufri menm jan ak po nou,move tan ak polisyon kite cheve a sèk, san briye,san elastisite ak volim.Anpil nan nou pa konnen si tan ka kontamine cheve n menm jan li fè po a.Nou pral diw kèk ti konsèy pouw ka pwoteje tèt ou kont kontaminasyon

Pi bon trik pou pwoteje cheve w kont kontaminasyon se
Pran swen manje yo
Rejim fondamantal pou pwoteje cheve yo,manje fri ak vejetal chak jou,menm jan ak vyann blan tankou:pwason,poul, elatriye ak ede cheve w pa kase fasil.Si nou ajoute manje ki rich nan antioksidan ak vitamin A,nou pral kreye pwoteksyon kont polisyon.

Anpil idratasyon
Kontaminasyon an fè cheve n pa briye,li vin pi sèk poutèt sa nou dwe idrate l ak mask nitritif,serom chak 8 jou.

unnamed (63)

Pa lave cheve a twòp
Paske cheve a gen pwòp grès natirèl li,pa itilize chanpou ki gen twòp pwodwi chimi,li tap pi bon yon chanpou natirèl dou

Diminye itilizasyon sechwa,fè
Aparye sa yo nan yon tan ap fè cheve a sèk epi yap boule rasin nan kap fè cheve a tonbe pi fasil,ou ka sèvi ak chanpou kont bouk siw pa renmen yo boukle yap vin fen.

Itilize pwodwi pou cheve kont kontaminasyon
Solèy la detwi cheve a tou menm jan ak polisyon.Sa poun fè lè solèy la gate cheve n? pa gen lòt bagay ke pwoteksyon,se san gen pou n fè,gen krèm pou sa.Itilize chapo ak foula pou pwoteje cheve a kont kontaminasyon.