Krèp

Krèp gen orijin li nan peyi Lafrans,li fasil pou fèt epi ekonomik,nou ka prepare yon desè rapid, oubyen fè yon bagay diferan pou dine.

Engredyan

2 tas lèt
1⅓ tas farin frans
1 ze
1 gwo kiyè lwil oliv
½ ti kiyè ledven
½ ti kiyè sik
1 ponyen sèl

12545617064_ac7d9dcff4_b

Preparasyon

Premye sa pouw fè bat ze a nan yon bòl,apre mete lèt la,mete farin ak sèl,melanje yo byen apre mete lwil oliv la,si gen boul pase l nan paswa,kite mas la repoze pou 15 minit.
Mete yon kastwòl cho,anvan sa pase grès ladan,kite dife a ba,mete yon louch ladan kou w santi lòtbo a kwit vire,ou gen pou wè genyen ki pran koulè ke lòt men sa pa anyen depi farin nan kwit,se yon bagay ki fasil pou fèt.