poukisa li bon pou manje yogout chak jou?

Nan tan sa nou jwenn plizyè varyete yogout nan makèt sak fèt ak fri,natirèl,sak gen sereyal elatriye.Nenpòt jan li ye a yogout se yon engredyan esansyèl nan yon rejim.
Se poutèt sa,nap diw 10 rezon ki fè ou paka pa gen yogout nan sa wap manje chak jou yo.
Li dijere pi fasil ke lèt paske latkoz la preske dijere,li se yon bon resous pou moun ki pa tolere laktoz
Li se sous pwoteyin ki gen anpil valè byolojik ki vle di pwoteyin ki gen orijen animal,li bon pou timoun

Li fè ren an fonksyone pi byen,se yon bon sous Kalsyòm, fosfò, mayezyòm ak mineral pou kenbe sistèm miskilè a nan bon kondisyon.

Li kalme apeti paske pwoteyin li yo dijere nan lektomak sak fè letomak la pa vid
Sous vitamin konplèks B,A,D ak anpil lòt ankò ki favorize fonsyon misk yo.

whipped-cream-354174_960_720

Pwoteje ak ranfòse zo,li rich nan 2 mineral ki fè zo a grandi ak bal fòs,li gen yon gran kantite pwotejin ki ede kalsyòm nan pa akimile,ak metabolis zo yo.

 

Li ogmante defans,lè yon moun manje yogout natirèl,li evite dyare
Redwi kolestewòl,siw renmen yogout epi ou soufri kolestewòl nou gen yon bon nouvèl pouw jodi a,yogout la ap edew anpil ou pa bezwen pè bwèl.