7 abitid ki domaje ren w

Pou anpeche domaj nan ren li enpòtan pou gen bon abitid ak evite:
Konsomasyon twòp bwason
Twòp konsomasyon nan bwason ka lakòz pyè nan ren ki anpeche òganis lan netwaye
Manje ak pwoteyin

Manje ki plis fè ren an travay se pwoteyin ki nan vyann,pwason,ze,nan sans sa yon moun dwe ekilibre kantite lap manje nan bagay sa yo.
Pa bwè anpil dlo
manke bwè dlo ka pwovoke aparisyon maladi nan ren ak enfeksyon irinè,bwè 2 lit dlo chak jou,kontribye nan anpeche fòmasyon pyè nan ren.

Manje ki gen anpil potasyòm
Potasyòm kapab tou danjere,paske li gen sibstans ki mal pou elimine nan ren an ,epi akimile nan san an,sa vin yon bagay mal

DrinkingWater

Tansyon wo
Li domaje anpil ògan youn ladan yo se ren,li enpòtan pou redwi sèl nan manje yo konsa tansyon an pap monte

Fimen
yon moun kap fimen gen 3 fwa risk poul devlope alterasyon nan ren yo

Chita twòp
Fanm ki chita mwens pase twa èdtan nan jounen an ,gen 30% mwens chans pou devlope maladi ren kwonik,ogmante risk pou tansyon wo,kolestewòl ak dyabèt.

Manje ansante,fè egzèsis,pa bwè anpil alkòl,pa fimen,se pi bon fason pou evite maladi nan ren oubyen domaje ren an