5 trik sou kitèks

Sa enpòtan anpil sou jan nou sèvi ak pwodwi bote nou yo sitou kitèks pafwa ki neglije,konsève yo kote fre oubyen sèk (se pou sa kèk fi mete yo nan frijidè ).Kiteks yo pap sèch rapid si yo byen femen se sa tout moun kwè,yo sèch ak jan nap sèvi ak yo,van lè nap mete l.Genyen ki pi chè ke lòt se nòmal paske fòmil li an pi bon.
1.Kenbe bouch yo pwòp pou yo ka sere byen

Lew ap itilize yon kiteks fè yon jan pouw pa sal bouch la,si yon tikal tonbe pi bon bagay ou ka fè se netwaye l ak yon koton ki gen asetòn.
2.Pentire zong ou yon kote ki fèmen
Pa gen anyen ki pi mal se lè wap pentire zong ou yon kote ki gen van,van ak sech li,lè nap fè maniki nou gen tandans kite bouchon an yon jan ouvè poun pran yon pens oubyen yon lòt bagay nan ti moman sa li gentan twòp pou kitèks la sèch.

nail-polish-2485198_640

Pentire zong yo byen vit epi bouche kitèks la
Sak konn pase ankò gen kèk fi ki konn kite kiteks la yon distans ak men yo pral pentire a,toutan nou jwenn poun bouche kitèks la mwens lap pi bon si se pa sa lap sèch,li ka parèt yon jwèt,men se pa vre,panse byen pouw we si sa pa rive w,yon moun ap pentire zong li sou kanape epi kitèks la sou ti tab salon an,chak tanl bezwen l li pran l twòp distans.Tout sa se tan kitèks la ap evapore epi pase penso a plizyè fwa nan bouch la ap sèch pwodwi a,pi bon bagay la se pran sanw pouw fè sa rapid konsa wa konsève kitèks la pou plis tan.

Pa itilize asetòn pou fonn kitèks
Pa bliye asetòn se pouw retire kitèks se pa pou fonn li,siw bezwen fonn li achte pwodi ki fè sa