Kouman pou fè cheve w swa epi briye ak vinèg?

Yon melanj senp nan vinèg ak dlo rann tèt la swa epi elimine enpite,yon jan pou revitalize teksti cheve a se itilize vinèg blan pòm apre w fin lave ak chanpou.

 

Melanje menm kantite vinèg ak dlo,vinèg la two fò pouw itilize sou cheve a,li enpotan pou melanje l ak dlo anvan.Yon tas vinèg ak yon gode dlo kont pou rense cheve.Vinèg blan kou pòm nan efikas,anpil moun prefere itilize pom nan paske sant li pa tèlman fò,siw gen cheve gra ou ka mete yon kiye vinèg anpil,men si chevew sek oubyen li gen kap redwi kantite vinèg la.

 

Lave cheve w ak chanpou janw konn abitye lave l,sil posib lave cheve w ak dlo tyèd oubyen frèt pa janm lave chevew ak dlo cho.Dlo frèt fè cheve a gen yon espe briye ak swa sa wap chache a.

 

Kite kondisyone a sou kote
Li pa enpòtan pouw pase rens nan cheve yo apre sa,depi w fin itilize vineg la yap swa epi briye ou pap bezwen sèvi ak rens,lè wap rense cheve a asire w ke tout cheve yo jwen depi nan rasin rive nan rasin jis nan pwent.

Rete tann 5 a 10 minit
Sa ap pèmèt dlo vineg la antre nan tout tèt la,itilize ti resèt sa pou konplete woutin ou
Rense cheve w ak dlo frèt
Rense cheve byen rapid pouw retire dlo vineg la nan tèt ou,ou pa bezwen rense l anpil,sant vinèg la ap disparèt yon fwa cheve yo sèch.

natural-black-hairstyles2-964x1024

Seche cheve yo menm jan w konn abitye fè l
Ou ka kite l sèch natirèl oubyen ak sechwa apre sa chevew ap briye epi swa san sant vinèg la

Fè sa chak tan wap lave cheve w,wap tèlman rezilta,wap vle fèl pi souvan,dlo vineg la ka seche cheve siw itilizel two souvan tout sa se pouw fè atansyon.
Ou ka tilize myèl ak blan ze poul plis briye
Fè rens vinèg ou a nòmal
Vide l nan yon veso ki gen bouchon
Mete yon kiyè siwo myèl epi brase l
Fè rens vinèg ou a nòmal
Kaze yon ze kite pati blan tonbe nan veso a
Kouvri veso a epi souke l byen
Siw bezwen idrate cheve w tou,ou ka mete yon ti lwil

Si chevew sèch anpil,yon ti lwil kont pouw jwenn yon bon rezilta,ou pap bezwen mete anpil jis yon tikal kap kenbe cheve a jis lèw lave l ankò.Eseye mete youn nan lwil sa yo nan rens vinèg ou a :
1/2 a 1 ti kiyè lwil kokoye
1/2 a 1 ti kiyè lwil zanmann
1/2 a 1 ti kiyè lwil oliv
Avètisman
Pa kite pwodwi a rantre je w,menm sil natirèl li ka baw pwoblèm nan je
Asirew vinèg la melanje ak dlo

tumblr_na4ifil5w01sxi4nto1_1280