Konsèy pou mete fen nan yon relasyon si kè w pa kontan

Pa neglije panse ak sa yo

Onèt
Nan tout sa wap fè ou sipoze onèt,menm si sa tris,pa pran pòz wap di moun nan,ou bezwen yon moun ki miyò ke mwen,mwen pa merite w poutan se ak konsyans ou vle ale kòz ou pa santiw jis dil verite a ou fini,men poukisa nou paka ansanm ankò,pa eseye bay tò ak okenn moun jis pran yon desizyon onèt pou bagay la ka fini byen,menm jan nou te pran yon desizyon poun renmen se konsa lè nap separe pa dwe gen twòp vire tounen.

Fè l pesonèl
Pa ekri ni voye mesaj tèks,se pou menm ki pou deplase fas a fas pouw di saw gen pou fè a nou pa bezwen diw pou ta voye yon bon zanmi oubyen fanmi regle sa pouw paske si lèw tap renmen yo pat konn sa se prezante ou te jis prezante moun nan,pa gen enterè kounye a se yon lòt moun wap bezwen pou al dil pou ou tout bagay mande respè,nan tout bagay ki parèt dwe gen respè.

Pa bay fo espwa
Ou konnen w pap retounen ak moun nan epi wap pwomèt li yon ekip bagay,sa pa bon toutan yon mou n gen mwens lènmi nan vi a li pi bon,fò espwa se bagay ki prolonje doulè lòt moun nan pafwa li pa menm merite l,menm sil pa afekte l kounyea,men lèl vin konnen se yon fò espwa sa ap fèl soufri anpil.Siw pa bal fò espwa,nan fiti li gen pou diw mesi.

Ou dwe konsidere sa
Pran yon titan pou relasyon an se pa paske l bon oubyen mal,men se pou diminye nan emosyon,santiman,ki pral kitew mal