Kannèl ak dlo pou pèdi pwa

Jwenn yon remed kap few pedi pwa nan yon semen se pa anyen enposib,jis wap bezwen konsantrasyon ak fokis sou rev ou
Benefis kanel
Nan moman pou pedi pwa.Nitrisyonis yo di gen 4 rezon ki fe kanel ka ede w

1.Li ede boule gres:Kanel ede akselere metabolis lan paske l gen pouvwa tèmik,redwi selil adipozit nan ko a sitou nan kou ak vant
2.Redwi selil gres:Anplis li akselere metabolis ou,yon lot pwopriyete li genyen se regilarize zik nan san an
3.Li redwi dyabet tip 2:Kom li redwi sik nan san an,se konsa li anpeche dyabet tip 2 paret
4.Redwi kolestewol ki pa bon:Ko nou gen bon ak move kolestewol,kanel la ede ogmante bon kolestewol la
Benefis dlo
Nou pale anpil sou tout bagay dlo fe pou ko a,nou konnen nou paka viv san li,nou pap fe repetisyon nap antre jis nan preparasyon te sa a.

cinnamon-2321116_960_720

Engredyan

250ml dlo
Yon ti kiyè kannèl
Preparasyon
Melanje dlo ak kanel la apre sa mete l bouyi pou 5 minit,apre eten dife a kite l repoze 10 minit anvan w bwe l
Kijan pou w bwe l
Bwe yon tas chak maten anvan manje maten,ou ka bwe l aswe tou anvan w dine,fe yon mwa ap bwe l epi fe egzesis pouw ka jwenn plis benefis.