Kote yo ka selebre maryaj

Sèjousi,gen konpayi ki òganize evènman sa yo,wap jis dil kote ou deside fè maryaj la ak kijan ou ta renmen l
Jaden oswa mòn
Siw renmen bagay natirèl,gen kay ak otèl ki ofri posiblite pou òganize maryaj ki antoure ak peyizaj nou renmen.Yon fèm,kabanya nan jaden,yon refij nan mòn,opsyon yo san limit.
Lak
Marye bò yon lak bèl anpil pa mande si se epòk chalè,gen anpil avantaj,ou ka selebre bò lak la,se yon bèl bagay,bon van ap vante,mizik elatriye
Edifis istorik
Nou gen anpil konsa,men nou wè moun pa tèlman fè maryaj ladan yo,imajine w yon maryaj nan Sitadèl,Fòjak elatriye,se tap yon bèl bagay.

boda4

Kasino
Gwo kasino yo toujou gen bon restoran,menm jan ak yon otèl,apre fèt la envite yo ka distrè yo ak distraksyon kasino a genyen ou pa janm konnen.

Plaj
Siw ta renmen pandan wap di wi a epi wap tande lam lanmè a,se yon opsyon nan sans sa siw ta chwazi marye bò plaj,se yon kote moun ka fè yon maryaj senp ki gen anpil bagay romantik,lanmè a gentan yon dekorasyon.
Gen anpil lòt kote ankò moun ka selebre maryaj tankou:sou bato,bò pisin,elatriye,se jou li ye pran sanw pouw fè yon bagay diferan ak inoubliyab.