Mta renmen genyen bèt lakay mwen mpa konn si se chyen oswa chat

Pou moun ki pa gentan yo li tap pi bon,siw achte yon chat met lakay ou,anplis bote chat la genyen an li plen lòt bagay ankò nan li.

Lè wap konpare yo ak lòt bèt yo,yo pi endepandan,pi resistan ak maladi,yo pi sansib.Lè nap panse ak ki bèt pou nou achte met nan kay la,fòn panse ak kòman poun pran swen yo,chat yo gen lòt taperaman sa ka kòz ògan yo afekte,yon egzanp,chat ki pè anpil yo ka gen pwoblèm nan ren ak nan blad pipi,sak isterik ak sa ki mechan yo soufri pwoblèm nan estomak ak fwa,men avèk yon bon nitrisyon chat la ap viv byen san pwoblèm,manje konsantre yo gen antioksisan ki asire nivo pwoteyin,fib ak grès pa ba yo manje pa nou li pa fèt pou yo.

Sak pi enpòtan chat la ka sòt deyò al twalèt,depiw gen lakou li pap janm baw travay menm jan ak yon chyen,nou bezwen konnen tou lè chat la fè pitit fòn pa kouri separe yo ak manman se yon bagay ki ka makel tout lavil paske sa ka vin fèl agresif,premye 2 mwa ti chat yo vreman frajil li bezwen chalè ak lèt manman.

cat-948261_960_720

Anpil moun di chat pè dlo sepa manti men nou paka kite yo san penyen,se yon moman difisil pou yon chat lè yap benyenl sitou nan moman yap siye kòl la e yo paka kitel dlo yo sou li,li ka vin gen pwoblèm nan po,yo rekomande pou benyen chat yo 2 a 3 fwa nan ane a sil posib,yo menm ankò pwòpte tèt yo pou kò yo.

cat-56753_960_720

Reyèlman se yon bèt sansib epi frajil,men ak swen paw yo,yap viv pi byen toujou pa neglije yo siw gen bèt la fòw bal ti tan tou se jis yo pa pale men se bon konpayon yo ye.Sa wap tann pouw achte yon ti chat ou pap regrèt yo karesan anpil.