Ke chen an ak jan li bouje l

Chen yo,menm jan ak moun,yo gen yon sèvo òganize asimetrik mwatye bò dwat ak bò gòch la gen fonksyon diferan

Chen yo souke ke yo sou bò dwat,lè yo gen yon emosyon pozitif egzanp lè mèt yo vini,epi bò gòch lè yo gen emosyon negatif egzanp lè yo santi yon prezans etranj,yon ènmi elatriye.

Yon nouvo etid montre mouvman an ke a tou gen siyifikasyon pou lòt chen yo.Chèchè yo montre chen videyo lòt kap souke ke yo dwat gòch epi yo obsève reyaksyon an.

shot-191980_640

Lè yon chen wè yon lòt ap souke ke l,batman kè l ogmante,epi li parèt enkyete.Si ke a bat sou bò dwat,chen yo rete ap gade epi yo rete lwen.

Nan yon lòt mo,lè yon chen ap gade yon lòt kel ajite,ke l ap souke a dwat,sa endike aktivasyon nan emisfè gòch nan sèvo a,se kòmsi gen yon ekperyans pozitif,repons lan trankil.

Poutan yon chen ki wè lòt la ap souke ke l sou bò dwat,sa endike aktivasyon nan emisfè dwat nan sèvo,kòm yon eksperyans
negatif,se yon repons kè sote ak ogmante vitès batman kè a.Chen yo distenge jan yo bouje ke yo.