Diri ak poul

Nou vle pataje avèk ou jodia yon ti resèt diri ak poul kew pap rayi ditou lèw fèl
kisa wap bezwen?

Engredyan:

1 bo poul
3 tas diri
magi vejetal
1 zonyon
1 piman wouj
1 piman vèt
1 tèt lay
pèsi

1 piman pike
1 pye powo
1 kiyè sèl
Lwil oliv

food-1373819_960_720

Preparasyon:

Koupe poul la piti fòm kare,metel nan sonmi,apre koupe rès engredyan yo piti tou,mete yon chodye cho lèl fin cho mete lwil ladan apre fri epis la pa kitel boule,mete poul la kitel fè 10 minit ap bouyi ak espis la,mete dlo,magi,pèsi bè,piman,lè dlo a bouji lave diri a metel ladan,kounyea lè diri a preske kwit mete rès engredyan ou te koupe yo ladan pa mete twòp dlo poul pa pat paske piman dous yo gen dlo tou,apre kitel bouji jiskaskel kwit bat pouw fèl byen grennen epi sa depan tou kijan ou renmen diri gen moun ki renmenl yon jan pat.

rice-139171_960_720

 

Wa din kijanl sa te sòti pase pou ou!.