Manje ki rich nan kalori

Nou jwenn manje ki rich nan kalori,men se pa yon bagay mal,ou pral wè sa nan lis nap kite pou ou la
Lwil vejetal
Tout lwil gen 99% grès,se poutet sa yo gen 890 kilo kalori pou chak 100 gram,se sous asid gra ak vitamin E pou òganis lan

Orijin li se krèm ak lèt,li gen yon gwo pousantaj nan grès,epi 745 kilo kalori pou chak 100 gram.Anplis li gen vitamin A ak D pou kò a.
Nwa
Se yon fri sek yo manje l konsa,nan sòs.elatriye,li gen 718 kilo kalori pou chak 100 gram,se sous fib,potasyòm,vitamin E
kokoye
Li se yon pwodwi dezidratasyon nan fwi,se poutèt sa kalori ak eleman nitritif li yo konsantre.Li gen 670 kilo kalori pou chak 100 gram epi se yon sous potasyom,fib pou oganis lan.

fresh butter in bar form on a table and a knife

Manba
Li gen engredyan ak anpil benefis,menmsi l konsantre 588 kilo gram pou chak 100 gram
Grenn joumou
Se yon grwoup aliman ki rich nan kalori,li gen 580 kilo kalori pou chak 100 gram,se sous Kalsyòm,potasyòm ak varyete antioksidan tankou pwoteyin ,fib ak legim.
Zanmann
Li gen 578 kilo kalori pou chak 100 gram,se yon sous fib,Kalsyòm legim, potasyòm ak pwoteyin
Gen anpl lòt ankò,men jodi a nou kite w ak sa yo.