kouman yo elimine oubyen diminye tach ak remèd natirèl?

Tach yo ka pi gwo oubyen pi nwa chak tan ki pase
Youn nan plant ki pran swe po a se lalwa,si yon moun itilize l 2 fwa chak jou,lap ede klarifye po a ak elimine tach

Ji sitwon blanchi ak fe po a bel,pase l nan zon ki nwa,si se aswe ou ka domi ak li,si se lajounen rense l ak yon ti dlo apre 20 minit.

Zonyon bon anpil pou retire tach,jis koupe yon ti bout fwote kote ki gen tach la,rense l apre 30 minit ak dlo fret
Bay po a yon ti masaj ak yon ti bout pomad oubyen ji tomat chak jou ,konsa nap rive diminye ak elimie tach yo
sopa-de-cebolla

Rasin radi bon anpil pou elimine tach,moulen yon ti bout epi melanje l ak yon ti ji sitwon,pase l ak koton,apre rense l ak dlo fret,pasel lajounen oubyen kite l pou tout nwit.

Mask fig mi,mete yon ti ji sitwon ladan,kiel sou po a pou 20 minit,lave figi a ak dlo tyèd,ou ka aplike l 4 fwa nan semen nan
Le wap manje papay pa jete po a,fwote l sou kote ki gen tach yo pou ka elimine tach oubyen diminye l,rejenere po a epi anpeche pli
papaya