Mezi pou viv ansante lè wap avanse nan laj

Jounen jodi a nou konn anpil bagay nou pat konnen.Nou se yon nasyon ki toujou ap soufri,grangou,epidemi,dezas natirel,elatriye.Yon jan pou viv ak tout bagay sa yo,se viv rilaks ak anpil jwa menm si pa gen anpil lajan.Pou jwi kek ane anplis li bon pou jere sante w.Menm si n gen tout bagay s ayo kap pase pi gwo enmi an se maladi.
Men kek bagay pou kite pou w ka viv 100% ansante

Kite tabak
Pa gen reset majik se toujou menm ti konsey yo,paske nou renmen w nou ta renmen w viv ansante,si gen volonte pap gen anyen ki pap mache,nou tout konnen l deja tabak se premye koz nan kanse poumon,anplis li lakoz maladi kadyovaskilè ak respiratwa,Gen moun ki telman malad ak tout sa yap fimen se komsi yo resiye yo ak sa kap pase la,pa bliye li pa janm two ta pou w sove vi w si non wap pwop asasen w.

Gen kontwol,tansyon,kolestewol,dyabet
Sa yo se 3 prensipal enmi maladi kadyovaskilè,menm si wap pran medikaman si pa gen yon vi nomal,manje ansantepa gen anyen kap chanje,gen moun se nan medikaman yo kwe,men nap toujou diw manje ansante ak fe egzesis se pi bon bagay.
Siveye gwose a ak ren an

 

Ou pa bezwen yon dokte pouw kontwole ko w ni yon,ou pa konn we dokte obes se paske li pa pran sa lap bay yo,li le li tan pouw fome tet ou epi konsatrew nan sak positif pou santew siw renmen tet ou vre,pa kite w gwosi ki pral vin fe w malad,nan peyi non se le moun nan gra kap mennen,se yon vye mit,le yon moun gwo li ka fe nenpot maladi pi fasil.
Egzèsis pou kenbe kè ak sèvo ansante

Moun ki bouje pyel,bouje ke l,li mete sevo anfom tou,konsa plis eneji ap pase ladan yo byen fasil,san pa gen san kap bouje ate yo
Egzesis souvan
Toujou fe egzesis li te met yon fwa chak jou oubyen 30 minit,nan yon sans yon moun ki pa fe egsesis,chita san bouje se yon moun inaktif.

Kouri deye estres
Estres bay 101 maladi jan nou konn tande a,e li toujou la chache kijan poun jere l ap toujou gen pwoblem
Domi byen
Nou toujou diw fok ou domi 8 edtan pou pi piti puw ka gen bon sante,konsa ou pap fe maladi nan tet tanko acv