Prevansyon pou kansè nan ovè

Pou pa gen plis kansè syantifik yo analize faktè ak prevansyon yo nenpòt bagay ki ògmante risk maladi a li rele faktè epi nenpòt bagay ki diminye rele prevansyon.
Anpil faktè kansè ka evite konsa tou gen lòt ki paka evite tankou tout tan wap fimen wap vin gen plis risk pouw gen kansè.Lèw pran mezi prevansyon yo sa pa vle di ou pap gen kansè sèlman wap diminye risk la.
Gen anpil fason nou ka redwi risk kansè a sin mete sa nou pral diw yo la an pratik.
Chanje fason nou manje yo oubyen kalite manje nap manje yo
Evite tout bagay ou konnen ki ka baw kansè

tabaco

Pran medikaman pouw ka geri yon maladi ki ka devni yon kansè nan yon tan oubyen ki ka baw kansè nan moman an
Toujou al fè chèk chak 6 mwa kay jinekològ
Pa manje twòp vyann wouj,li tap pi bon sin manje plis poul,pwason,legim ak nwa
Pa mete klowòks nan dlo nap fè pati entim nou paske lap kraze defans nou,lèn vin pa gen defans nenpòt mikwòb ka antre vin pwodwi maladi nou pat janm panse nou te ka genyen.

Evite fè planin
Pa bwè konprime kontraseptif
Pa manje anpil lwil
Manje byen sitou manje anpil fwi
Pa bwè alkòl depase ni fimen paske sa se youn nan pwen enpòtan pou kansè nan ovè.

 

Si nou renmen vi nou fòn chache fè sak bon pou nou ka viv plis tan toujou,chak tan wap pran bagay kap detwi kò a se mwens tan wap gen pou viv.Goumen pou san kwè,an batay ansanm poun evite kansè kòmanse depi lakay nou,nan fason nou sèvi,manje elatriye.
Lavi bèl anpil.