Lè pouw viv ansanm

Sa pa enposib pou lè wal viv ak moun nan relasyon an ka vin andanje tou sitou siw pran yon desisyon san reflechi premye konsèy nou baw fòw gen anpil matirite,pou lè moman diskisyon yo rive pouw pa kouri fòw rete pouw ka chache pi bon solisyon an.

 

Men kèk konsèy ou bezwen konnen anvanw fè sa
Ou dwe mèt nan tèt ou mennaj ou a se pi bon ak move moun nan:siw te gentan konn sa ak tout sa ou al viv avèl seke nenpòt pwoblèm nan nou dwe gen fòs pou lite pou relasyon an pa febli fasil.
Pa eseye chanje mennaj:si nou de a wè nou ka kontan se poun vanse pou pi devan,pa janm mandel poul chanje fòk youn lòt eseye adapte nou konsa chanjman ak fèt pou nou ansanm.

couple-597174_960_720

konpreyansyon,respè,api:se kle pou yon koup ki gen matirite epi pou gen yon bèl vi se pou gen anpil sajès,kominikasyon,tolerans ak anpil kapasite poun negosye.

Pase tan ansanm youn lakay lòt:sa se yo bagay ki ka fèn kouri al viv ak mennaj nou pi rapid paske nou pa janm separe yon jou,tout sa nap fè se toujou ansanm,fè manje,netwaye,domi epi jwi lavi a ansanm
Ekonomik:nou dwe fè acha pou ka la ansanm piga youn ap gad sou lòt pou achte,fò 2 moun yo ap travay oubyen youn sa pral depan pou kay la pa janm manke anyen.

Respekte tan:nenpòt kote yon moun ta ye li toujou bezwen yon ti tan apa pou li,sa pa vle di anyen se yon bagay natirèl.

Pale sou fiti:kote n pral viv? nap fè pitit? se yon bagay nou bezwen konnen anvan nou pran gran desisyon sa,metew nan plas lòt la fè efò pouw we jan bagay la ye a devlope sajès pouw ka konbat tanw,tan pou 2,desizyon ekonomik ak anpil lòt ankò