Granmè men pa esklav

Ou konn anpil granmè pa gen dout nan sa konsa ou ka youn ladan,pandan wap li la ka gen youn ou konnen ki ap viv konsa.Pa pran sa mal ni santiw mal jis atik sa vle ogmante konsyan kèk moun.

 

Konbyen fwa nan viw ou rankontre yon granmoun ak timoun piti nan men yo pifò fwa yo se granmèl li ye,se yo ki toujou la pou jwe ak timoun yo sa pa vle di se yon vye bagay sèl sa li vin yon responsabilite.
Dapre yon etid ki fèt Meksik yo wè ke gen yon maladi ki rele “sendwòm granmè esklav”sa a fè referans ak dè milye fanm kap fè travay nan kay,pran swen pitit pitit,al chache yo lekòl, kwit manje ak anpil lòt bagay toujou.

 

Espè yo di konsa yon fanm plis pase 65 lane kap fè aktivite pou sipòte fanmi yo,anjeneral yo sibi yon nivo estrès ki ka eklate pwoblèm sante ak maladi nan vi yo.

first-aid-1882049__340

 

Gen yon bagay tou seke granmè yo pa janm vle bay vag sou travay sa yo,lè yo wè yo paka ede yo santi yo tris,depresyon,enkyetid,bagay sa gen yon trètman kise pa bay yo okipasyon paske nan laj yo rive la,yo paka ede vre se efò yap fè ki vin tounen yon abitid pou yo epi gen anpil moun ki pwofite de sa.

 

Chache konpetans yo ak responsablite yo ba yo lanmou eseye konprann yo,yo dekouvri sa Meksik men sa se yon bagay kap pase nan tout mond lan.Nan sans kew te fè manmanw tounen yon granmè esklav ou ba yo tout chaj timoun nan,sa vin rann ou lib pouw fè saw vle komsi ou pa gen reponsabilite se granmè a ki la kap fatige kòl nan “Fanm Kreyòl “nou pa vle jije sèlman nou vin fè yon apèl konsyans konnen byen lanmou granmè genyen pou yon pitit pitit anpil men se pa responsabilite yo pou yo fè tout bagay pou timoun nan bay granmè yo valè pa ba yo chaj yo paka pote

myanmar-1822560__340

 

Siw se yon granmè kap li atik sa epiw santiw gen pwoblèm sa,souke kòw,ou gen anpil valè pa pran responsablite pitit pitit,pran repo,kontinye renmenl men fè sa ak mezi,mande respè pou espas ou,viv pwòp viw.