Sekrè pouw jwenn senpati yon moun pou premye fwa

Nou pral diw koman pouw fè pou 7 segond sa pa pase pou gran mesi,pa janm bliye ou pap janm fè tout moun plezi ou tap santiw raz tou si tout moun te renmenw.

 

1.Zye:Toujou gade moun nan zye,se yon sign inivèsèl pou konfyans ak onètete.

 

2.Souri:fè efò pouw toujou souri sa pral fè moun nan gentan wè anpil bagay nan ou sitou pou yon randevou travay imajinew wale byen move sa ka fè moun nan santi ou pap byen resevwa klian yo.

 

3.Salitasyon:Yon salitasyon senp,kout ansanm ak yon bèl souri.

 

4.Rete transparan:7 segond lan sifi pouw bay anpil siyal pa kwaze bwa w kanpe dwat pran yon pozisyon pouw pa plede ap vire kòw chita trankil.

 

5.fèw optimis:Gen yon lepri positiv ,pa janm pansew pap rive konvenk moun nan,lèw konsa lòt moun ap toujou wè profi nan ou,wap yon egzanp pou yo sosyete a.

 

Pa pase tan ap pale de ou sèlman fòw poze kezwen tou fòw pa pè epi tande repons moun nan ap diw la byen.Lide a se gen yon bon relasyon avèk kantite moun ki posib, sa ap fasilite laviw,plan yo,sak pi enpòtan fòw konn kiyes ou ye vre kotew te ye ,kotew ye,kotew vle rive ak tout komante yap fè sou yo,men ou se sèl moun ki responsab saw di,saw fè,nan saw reyisi yo.

 

Toujou eseye aplike konsèy nou yo wap kap etabli yon bon relasyon entèpèsonèl.