Abitid ki ka fè yon timoun domi pi vit

Siw gen timoun piti lakay ou ki mal pou domi lèw bezwen fè travay ou,ou jis dwe konn koman pouw fèl domi se pa yon travay fasil anpil ti bebe gen abitid domi lajounen epi fè preske tout nwit lan san domi sak vin rann paran yo fatige anpil.

Tout bagay se yon kesyon tan pouw abitye ak vi manman li enpòtan pouw konnen ke timoun yo plis bezwen yon abitid ki pou fè yo domi.
Men kèk jan ou ka fè yo domi pi fasil

1.kitel jwe,lap bay mezi enèji li genyen apre sa benyenl, metel kouche poul domi.
2.toujou benyenl anvanw fèl domi sil santi chalè domi pap janm pran timoun nan,kòl ap vin fre se domi kap nan zyel sèlman.

 

3.lave bouch li menl ,chanje kouchèt sou li mete pijama sou li,pase twal andan bouch li menm sil pa gen dan depi nan laj sa yo pouw bal kèk abitid.

4.pale avèk timoun nan li te mèt pa konprann ekplikel sak te pase pandan jounen an li yon istwa pou li.

 

5.chante pou li nan nenpòt lang ,pase mizik klasik pou li menm siw pa kotel la lap toujou santiw la epi

mete timoun nan kouche pa bay timoun abitid domi nan men tout saw gen pou fè pou li ka domi se sou kabann.