konsèy pouw ka konnen ki valis pouw achte

Jodia nou vinn edew pouw ka chwazi yon valis nòmal
1.Itilize valis ki ale ak kòw:Siw se yon fi ki wo ou ka itilize yon valis ki yon jan gwo men si se yon fi tay ba epi gwo se ti valis pouw itilize siw “sexy”se valis ki fèt an koub yo kap fèw byen

2.Valis long.
Evite mete valis ki rive kote ki pi atiran nan kòw.Se konsa,nan tan sa gen valis ou ka monte oubyen desann manch li,konsa lè yon moun ap gadew wa panse se pou valis la men se pa pou fòm kòw.

3.Yon valis pou chak okasyon:Se pa menm bagay la lèw pral travay oubyen ou pral lekòl ak nan yon fèt se poutèt sa lè wap achte fòw konn ki valis wap achte epi poukisa ou bezwenl.

4.Koulè:Chwazi koulèw konnen wap kap mete tankou:Nwa,bèlj,gri,ajan blan,ble maren, mawon.

a_grey_ostrich_kelly_bag_hermes_1990_d5577123h

5.Ki stil ou?pa janm bliye gade janw ye anvanw fè nenpòt chwa,pouw ka konnen sak kap fèw byen paske gen valis ki klasik anpil.

6.Gwosè:Li enpòtan anpil gwosè valis la,achte youn ki nan meziw,saw ka pote

7.Materyèl:Gade byen lè wap achte paske valis la gendwa bèl men twal la pa bon,pa achte pou bote plis achte pou kalite.

8.Zip oubyen bouton:Nan moman acha gen moun ki konn ap panse sa pou yo achte si se valis ak zip oubyen sak gen bouton,nou plis konsiderew achte youn ak zip paske sak gen bouton yo fasil pou ouvri sitou lè wap amche nan lari moun gendwa volè telefòn ou ki andan valis la sanw pa rann kont.
Piga nou bliye ke valis ki gen koulè pal yo ale ak preske tout rad.