Eske chat ka bwè lèt bèf?

Menm jan gen moun ki paka sipòte laktòz.Chat manke yon anzim dijestif.Kidonk,piske anzim pap ka dijere laktòz,li pral fèm nan trip li,lap bal dyare ak pwoblèm lestomak.

Nou ka diw nan yon sèl mo ni chat tankou chen pa gen ase anzim pou byen dijere sik ki gen nan lèt bèt la,ki rele laktòz

unnamed

Siw gen yon chat ki renmen lèt,men li fè l mal gen de opsyon:Bay yon tikal depiw wèl pa fèl anyen,bal lèt espesyal ki pou chat,ale kay veterinè poul diw ki kote wap jwenn lèt gato a,chak kilè pouw ba lil,menm si li gendwa pi chè pase lèt moun nan,depiw renmen bèt la anyen pa enposib paske se pou sante l wap fè tout bagay sa yo sil malad ou pa janm konnen li ka rive mouri.

Gen ka ki diferan,si chat la te toujou ap bwè lèt manman l lèt fèt la epi koul pa pran l ankò ou bal lèt bèf la,konsa li pap pèdi bakteri ki pou fèl dijere lèt la,li ka bwè lèt bèf la san pwoblèm,fè atansyon pa bal twòp lèt paske sa ka pwovoke yon pwoblèm sante tankou pyè nan ren.

Se ti konsèy sa nou te pote pou ou jodia,nou espere ou byen pran swen ti chat ou a.

unnamed (2)