Mask konkonb pou figi

Wap bezwen 3 bagay pou trete yon po ki gra,ak tach ak yon po kap vyeyi.Avwan,konkonb ak yogout pou tout kalite po,se yon melanj sitou pou po sansib.Siw anvi fè yon mask pou figiw nou envite w eseye sa.

Konkonb lan fè po a fre ak idrate po sèk,si Ph po w ba wap bezwen sèvi ak konkonb pou ede w ekilibre l
Avwan kalme po ak redwi gwose po yo,li bon tou pou po sansib,li renouvle selil ki mouri nan po a,li bay yon bèl po epi jen
Yogout gen asid laktik ede retire selil ki mouri yo ak revitalize po a ,li bon tou pou po sek.

Engredyan
Yon bout konkonb
Yon kiyè yogout
2,3 kiyè avwan

Preparasyon
Blende yogout la ak konkonb lan apre sa mete avwan nan ladan,pa fèl poul two kle ,jis poul tankou yon mask

 

mask-1231843_960_720

Kijan pouw itilize l?
Aplike l nan tout figiw jiska kouw
kite fè 20,30 minit,kouche mete 2 bout konkonb sou je a padan tan sa a
Mouye men w bay visaj la yon ti masaj 2,3 minit
Apre sa rense epi seche figi a,seche l pase yon krèm idratan
Fè sa 2 fwa nan semèn nan pou minimize po yo,redwi pli,idrate po a
Siw renmen pa bliye pataje l ak zanmi w