Ji natirèl ki 100% èneji pou lasante

Nou konnen ou renmen wè ou byen epi ansante se poutèt sa jodia nou vle pataje avèw kèk resèt ki gou epi kap metew an sante.

1.Ji sitwon
Yon bout sitwon.
200 ml dlo cho(pa bouyil)
Yon ti gras pwav
1 ti kiyè siwo myèl
2 cm rasin jenjanm.
Preparasyon
Pire sitwon an,mete siwo myèl,mete jenjanm ak pwav la,epi yon dlo byen cho,bwèl anvanw manje nan maten.
unnamed (2)
2.Yon netwayaj jeneral
Ji pòm.
1/2 vè ji anana
3 pye seleri
Fèy Radi
1 gwo kiyè grenn(achtel nan makèt)
preparasyon
Blend seleri ak fèy radi a koulel nan paswa.Apre melanj lòt engredyan avèl
unnamed (3)
3.Jenjanm + bètrav
1 bètrav
200 ml yogout natirèl
3-4 cm rasin jenjanm
preparasyon
Blende jenjanm nan ak bètrav
kite ji a poze pou de zè tan apre mete yogout la ladan siw bwèl ak glas lap pi gou toujou

Beetroot smoothie in glass with ginger and fresh vegetables on wooden background
Beetroot smoothie in glass with ginger and fresh vegetables on wooden background

4.Sitwon + konkonb
Koupe yon bout sitwon an tranch
Yon bout konkonb an tranch
2 branch fyè mant
1/2 lit dlo
Glas
Preparasyon
Kraze glas la apre mete nan dlo ki gen lòt engredyan yo kitel repose 1 èdtan se tankou yon rafrechi li ye.
unnamed (5)
Wa di nou kisaw pi renmen nan sa yo.